Besoin d’aide ?

FAQ - Boutik Pam

Kesyon Souvan Poze (FAQ)

Tout sa ou bezwen konnen sou Boutik Pam, acha ak peman

1️⃣ Kisa Boutik Pam ye? +
Boutik Pam se yon platfòm sou entènèt Ayisyen ki pèmèt itilizatè yo achte pwodui ak sèvis dijital fasil, rapid, epi an sekirite.

Sou Boutik Pam, ou ka achte :
  • 🎮 Rechaj jwèt videyo (Free Fire, Blood Strike, Fortnite, Roblox…)
  • 📺 Abònman platfòm (Netflix…)
  • 🎁 Kat kado (Apple, Google Play…)
  • ➕ Ak anpil lòt sèvis dijital
2️⃣ Ki mwayen pèman Boutik Pam genyen? +
Boutik Pam ofri de (2) mwayen peman prensipal pou fasilite acha ou yo :

🔹 Mon Cash (Otomatik)
Ou ka peye dirèkteman ak Mon Cash (Digicel Ayiti). Peman an fèt otomatikman, rapid, san reta.

🔹 Natcash (Depo sou kont)
Avèk Natcash, ou bezwen fè yon depo sou kont Boutik Pam ou anvan.
👉 Lyen depo Natcash ofisyèl :
https://boutik-pam.com/depot/
3️⃣ Kòman mwen ka achte ak Natcash? +
Pou achte ak Natcash, w’ap bezwen :
  1. Fè yon depo sou kont Boutik Pam ou
  2. Asire balans ou kredite sou sit la
  3. Achte pwodui ou vle a nòmalman
📽️ Gade videyo tutoryèl la :
4️⃣ Kijan pou mwen mete ID mwen lè mwen fin jwenn PIN nan? +
Kijan pou mwen mete ID free fire mwen.

📽️ Gade videyo tutoryèl sa a :

Mèsi paske ou chwazi itilize Boutik pam !

Kopye ✓