Règleman Konfidansyalite ak Kondisyon Jeneral Itilizasyon & Vant (CGUV) – Boutik Pam
Dènye mizajou: 27 Out 2026. Dokiman sa a aplike pou sit entènèt ak aplikasyon mobil Boutik Pam.
1. Prezantasyon
Boutik Pam se yon platfòm komès elektwonik ki pèmèt kliyan achte pwodwi ak sèvis dijital tankou PIN, kòd, rechaj ak sèvis jwèt rapidman, fasil epi an sekirite.
Lè ou itilize sit entènèt Boutik Pam oswa aplikasyon mobil la, ou dakò san rezèv ak tout Kondisyon Jeneral Itilizasyon ak Vant sa yo.
2. Pwodwi ak sèvis
- Boutik Pam ofri pwodwi ak sèvis dijital ki livre elektwonikman.
- Chak pwodwi genyen yon deskripsyon ki presize pri li, fason livrezon an ak kondisyon ki aplikab.
- Imaj ak deskripsyon pwodwi yo bay kòm referans epi yo ka genyen kèk ti diferans.
3. Kòmand
- Tout kòmand ki fèt sou Boutik Pam vle di kliyan an aksepte kondisyon sa yo.
- Kliyan an kapab konsilte kòmand li yo nan kont kliyan li.
- Boutik Pam gen dwa refize, anile oswa bloke nenpòt kòmand nan ka fwod, sispèk fwod, fo peman oswa itilizasyon abizif.
4. Pri ak deviz
Tout pri ki sou Boutik Pam afiche sèlman an goud ayisyen (HTG). Boutik Pam itilize yon sèl deviz pou tranzaksyon li yo: HTG.
5. Metòd peman
NatCash MIZAJOU
- Ou pa bezwen fè depo davans ankò. Anvan, kliyan an te oblije rechaje yon balans anvan li achte. Etap sa a retire.
- Kounye a ou chwazi sa ou vle a, ou voye peman an sou nimewo NatCash ki parèt sou ekran an, epi ou antre TransCode 14 chif ki nan SMS NatCash la.
- Verifikasyon an fèt otomatikman epi livrezon an kòmanse depi TransCode la valide.
- Si ou voye plis pase montan kòmand lan, rès la pa pèdi: li ale sou balans ou si ou gen yon kont, oswa li rete sou menm TransCode la si ou achte kòm envite. Nan de ka yo w ap resevwa yon imèl ki di w kote rès la ye.
- Yon TransCode ki gen yon rès ladan l ka sèvi ankò sou yon lòt kòmand jiskaske li fini.
MonCash
- Peman yo verifye otomatikman.
- Pou pwodwi PIN oswa kòd, livrezon an fèt otomatikman apre peman an fin konfime.
- Kliyan an pa bezwen suiv okenn pwosedi verifikasyon manyèl, sof si sistèm sekirite a mande sa.
Balans kliyan an NOUVO
- Si ou gen kòb sou balans ou, ou ka peye ak li dirèkteman.
- Si balans ou pa kouvri tout kòmand lan, ou ka sèvi ak sa ou genyen an epi peye rès la ak NatCash oswa MonCash — nan yon sèl peman, pou yon sèl kòmand.
6. Balans kliyan an
Balans lan se kòb ki rete sou kont ou apre yon peman ki depase montan an, oswa yon ranbousman. Ou ka konsilte l nenpòt lè sou paj balans ou.
Kilè kòb la soti sou balans lan
- Lè ou chwazi sèvi ak balans ou pou yon kòmand, montan an rezève — li pa soti tousuit.
- Kòb la soti sèlman lè peman kòmand lan konfime.
- Si ou pa fini peman an nan tan ki endike a, rezèvasyon an lage, kòmand lan anile, epi kòb la tounen disponib otomatikman. W ap resevwa yon imèl ki di w sa.
- Pandan yon montan rezève, li pa disponib pou yon lòt kòmand. Sa anpeche menm kòb la sèvi de fwa.
Balans lan pa yon kont labank epi li pa bay enterè. Li sèvi sèlman pou achte sou Boutik Pam.
7. Livrezon
- Tout livrezon fèt nan fòma dijital.
- Pou pifò pwodwi, livrezon an otomatik: PIN, kòd oswa rechaj la rive kèk moman apre peman an konfime.
- Kèk pwodwi mande yon validasyon manyèl. Nan ka sa a, yon ajan verifye kòmand lan alamen epi livrezon an ka pran ant 5 minit ak 24 èdtan. Kliyan an wè sa klèman sou kòmand lan.
- Kliyan an responsab pou li bay enfòmasyon ki egzat, tankou ID jwèt, non itilizatè, rejyon oswa detay kont lan.
- Boutik Pam pa responsab pou pwoblèm ki soti nan enfòmasyon ki pa egzat oswa ki pa konplè kliyan an bay. Si ou wè yon enfòmasyon ki pa bon apre ou fin kòmande, kontakte asistans lan tousuit anvan livrezon an kòmanse.
8. Fwod, fo peman ak sekirite
Tout tantativ fwod, fo peman, falsifikasyon prèv oswa manipilasyon sistèm nan kapab lakòz blokaj oswa sispansyon kont kliyan an.
Nan ka yon kont bloke pou aktivite sispèk, Boutik Pam kapab mande dokiman oswa lòt enfòmasyon pou verifye idantite kliyan an ak tranzaksyon yo anvan nenpòt desizyon sou deblokaj.
Boutik Pam rezève dwa pou li pran mezi ki nesesè pou pwoteje kliyan li yo, founisè peman li yo ak sistèm li kont abi.
9. Retou ak ranbousman MIZAJOU
Lè livrezon an pa rive fèt
Si yon pwodwi pa ka livre — pa egzanp founisè a refize kòmand lan, ID a pa nan bon rejyon, oswa pwodwi a pa disponib — kliyan an ranbouse. Ranbousman an fèt otomatikman epi li ale sou balans kliyan an, kote li disponib tousuit pou yon lòt acha.
Si yon kòmand gen plizyè atik epi se youn sèl ki pa ka livre, se sèlman atik sa a ki ranbouse. Lòt yo livre nòmalman.
Lè livrezon an fèt
Akòz nati pwodwi dijital yo, pa gen retou ni ranbousman apre yon PIN, yon kòd oswa yon lòt pwodwi dijital fin livre epi ekspoze bay kliyan an.
Si genyen yon pwoblèm teknik reyèl, tankou yon PIN ki pa fonksyone oswa yon erè sistèm, kliyan an dwe kontakte asistans lan nan yon delè maksimòm 24 èdtan apre livrezon an.
Ranbousman ki soti nan yon erè livrezon ale sou balans lan pa default, paske metòd peman yo (NatCash, MonCash) pa pèmèt yon ranbousman otomatik sou kont mobil la.
10. Sipò ak asistans MIZAJOU
Nou pa bay sipò pa imèl. Pou jwenn èd rapid, gen de chemen ofisyèl:
- Paj Titoryel la — boutik-pam.com/titoryel. W ap jwenn videyo ki montre chak etap, ansanm ak repons pou kesyon ki pi souvan poze yo. Se la pou ou kòmanse.
- WhatsApp — +1 825-255-9817. Si ou pa jwenn repons ou sou paj Titoryel la, ekri nou sou WhatsApp. Se konsa asistans lan travay: ou ekri, epi nou reponn ou la menm.
Lè ou kontakte asistans lan, bay nimewo kòmand ou an. Sa pèmèt nou jwenn dosye a tousuit epi reponn ou pi vit.
Nimewo a se yon nimewo entènasyonal (+1). Ekri sou WhatsApp: konsa ou pa peye anyen pou yon apèl entènasyonal, epi konvèsasyon an rete anrejistre pou toude bò yo.
Nenpòt lòt nimewo, paj oswa adrès ki di li se sipò Boutik Pam pa ofisyèl. Pa janm bay yon moun modpas ou ni kòd ou.
11. Responsablite
- Boutik Pam pa responsab pou move itilizasyon pwodwi oswa sèvis kliyan an achte yo.
- Kliyan an responsab pou sekirite kont li, modpas li ak enfòmasyon pèsonèl li.
- Boutik Pam pa responsab pou entèripsyon oswa pwoblèm ki soti bò kote founisè peman, operatè rezo, platfòm jwèt oswa lòt sèvis twazyèm pati.
12. Kont kliyan
- Kliyan an dwe bay enfòmasyon ki veridik ak egzat lè li kreye oswa itilize kont li.
- Kliyan an pa dwe pataje modpas li oswa bay yon lòt moun aksè san otorizasyon nan kont li.
- Boutik Pam gen dwa sispann oswa fèmen nenpòt kont ki pa respekte règleman sa yo.
- Si yon kont fèmen pandan gen kòb sou balans li, kliyan an ka kontakte asistans lan pou regle sitiyasyon an.
13. Pwoteksyon done pèsonèl
Boutik Pam respekte konfidansyalite done pèsonèl kliyan yo. Nou itilize done yo pou trete kòmand, verifye peman, konbat fwod, amelyore sèvis la epi bay asistans kliyan.
Done nou ka kolekte
- Non, adrès imel ak nimewo telefòn.
- Detay kòmand, peman ak tranzaksyon.
- Enfòmasyon ou bay pou yon livrezon, tankou ID jwèt, non itilizatè oswa detay kont jwèt la.
- Done teknik tankou adrès IP, kalite aparèy, navigatè ak enfòmasyon koneksyon.
- Mesaj ak demann kliyan voye bay asistans lan.
Pataj done
- Nou pa vann ni lwe done pèsonèl kliyan yo.
- Nou kapab pataje done ki nesesè yo ak founisè peman, sèvis hosting, founisè livrezon dijital, zouti sekirite oswa lòt founisè ki ede nou opere sèvis la.
- Nou kapab pataje enfòmasyon ak otorite konpetan si lalwa egzije sa.
Sekirite ak konsèvasyon
Nou pran mezi rezonab pou pwoteje done kliyan yo kont aksè, itilizasyon oswa divilgasyon san otorizasyon. Enfòmasyon koneksyon ki sèvi pou yon livrezon manyèl efase apre sèvis la fini. Nou konsève rès done yo sèlman pandan tan ki nesesè pou sèvis la, sekirite, obligasyon legal ak jesyon litij.
14. Timoun
Sèvis Boutik Pam yo pa fèt pou timoun ki poko genyen 18 lane. Nou pa chèche kolekte done pèsonèl timoun volontèman.
15. Litij
Tout konfli ki gen rapò ak Boutik Pam dwe, nan premye etap la, fè objè yon tantativ regleman amikal ant kliyan an ak Boutik Pam, atravè asistans lan.
Si pati yo pa jwenn yon solisyon amikal, konfli a ap trete dapre lwa ki aplikab an Ayiti.
16. Chanjman kondisyon yo
Boutik Pam gen dwa modifye kondisyon sa yo nenpòt lè. Nouvo vèsyon an ap antre an aplikasyon depi dat li pibliye sou sit entènèt la oswa nan aplikasyon mobil la.
Nou ankouraje kliyan yo konsilte paj sa a regilyèman pou yo rete enfòme sou nenpòt chanjman.
