Tanpri li règleman sa a anvan ou vann oswa achte sou platfòm nan. Lè w sèvi ak sit la, ou aksepte tout kondisyon ki anba yo.
🔐 Kijan pwoteksyon an mache (Eskrow)
Lè yon achtè peye, lajan an pa ale dirèkteman bay vandè a. Li rete JELE sou platfòm nan jiskaske achtè a konfime li byen resevwa kont lan epi li satisfè. Sa pwoteje tou de bò kont fwod.
🛒 Règ pou ACHTÈ yo
Tout acha dwe fèt sou sit la sèlman, atravè bouton « Achte » a. Pa janm fè echanj an deyò platfòm nan.
Lè w resevwa enfòmasyon kont lan, chanje modpas la imedyatman pou sekirite ou.
Si enfòmasyon yo gen erè oswa kont lan pa matche deskripsyon an, ekri vandè a dirèkteman nan mesaj sit la anvan ou konfime.
Si pwoblèm nan pa rezoud, louvri yon litij (bouton « ⚠️ Gen pwoblèm » a) oswa kontakte yon ajan. Lajan ou ap rete jele jiskaske yon ajan tcheke.
Pa konfime « Mwen satisfè » toutotan ou poko tcheke kont lan fin bon nèt — apre konfimasyon, lajan an ale bay vandè a epi li difisil pou retounen.
🏷️ Règ pou VANDÈ yo
Mete bon enfòmasyon egzat sou kont lan : non, nivo, rank, karakteristik, ak plizyè foto klè.
Si kont lan gen yon imèl lye, ou dwe ajoute li tou — san sa achtè a p ap ka sekirize kont lan.
Mete yon pri ki jis selon valè reyèl kont lan.
Pa janm rekipere ni reklame kont lan apre li vann. Lè kont lan vann, li pa pou ou ankò. Eseye reprann li se yon zak fwod ki ka mennen bann pèmanan ak lòt konsekans.
Reponn achtè yo rapid epi onèt nan pati mesaj la.
⚖️ Litij & Siyalman
Si gen yon pwoblèm pandan yon vant, achtè a ka louvri yon litij ak prèv (kapti ekran). Yon ajan ap egzaminen l epi deside : ranbouse achtè a oswa lage lajan an bay vandè a.
Ou ka siyale (🚩) nenpòt anonse oswa itilizatè ki sanble fwod oswa ki vyole règleman an.
⭐ Nòt & Repitasyon
Apre chak vant ki fin konfime, achtè a ka bay vandè a yon nòt (1 a 5 etwal) ak yon komantè. Sèlman vrè achtè yo ki ka note. Bay bon sèvis pou bati yon bon repitasyon ki atire plis kliyan.
💸 Balans & Retrè
Lajan ki soti nan vant ou yo antre sou balans ou sou platfòm nan.
Ou ka mande retrè atravè MonCash, NatCash oswa TerraWallet.
Yon retrè ka pran yon ti tan pou apwobasyon, epi yon ti komisyon ka aplike selon paramèt platfòm nan.
🚫 Bagay ki ENTÈDI (ka mennen bann)
Vann yon kont vòlè, pirate, oswa ki pa pou ou.
Rekipere yon kont apre w fin vann li.
Bay fo enfòmasyon oswa foto ki pa pou kont lan.
Eseye arnak yon lòt itilizatè oswa kontoune sistèm eskrow la.
Fè echanj an deyò sit la pou evite pwoteksyon yo.
⚠️ Atansyon : Si yon vandè mande w fè tranzaksyon an an deyò sit la epi ou chwazi fè sa, platfòm nan PA responsab pou anyen ki rive — pa gen eskrow, pa gen litij, pa gen pwoteksyon. Toujou rete sou sit la.
⚠️ Si w vyole prensip sa yo, n ap bloke kont ou san avètisman.